Istwa Papye (feat. Eddy Francois)

K-Lib Mapou

Compositor: Não Disponível

Ti papouch grandi nan yon fanmi rigwaz ak diri
Se sa k te lanmou li te pati al chache lakay zanmi
Yon zòn jèn ki pa pati mouri oubyen tounen bandi
Lavi di, santi di, manti tou piti l te gentan santi l

Dèt sou tèt anvan l fèt Ti papouch t on timoun pwomèt
Papa l fè l konnen sèl chimen lekòl k ap fèl gen yon non
Renmen bondye, travay di, ret yon malere onèt
Pandan y ap fè l louwe bèl dekouvèt Kristòf Kolon

Li klè nan tèt li sa k te ka sove l se papye l
Li mèg li lèd li te sijè fawouch sou katye l
Li pa t fouti dòmi tèlman l gen gwo Rèv
Travay sou diplòm li, pase tout eprèv

Malgre tout eksplwa l, blokaj pou koulè po l
Anba je l nèg k ap fè papye se nan pase kilo
Malgre l ret ak Lespwa, chay ap monte sou do l
Moun li ka mande prete pa menm rive filo

Lespwa k ap Mouri sou pye
Nou dwe tchovi yo verite
Limanite san mounite
Manti sou yon bout papye
(2 fwa)

Pandan l pat janm sispann kriye sou Papye
Apre kèk ane, Papye, tan tout pase anba pye
Sot gran lekòl de pensée pou l dwe tout machann manje
L oblije repanse plan an oblije chanje

Li ret yon sèl zèl kat se blije fè zèl
Bouske siksè li pra l pran on gwo chòk Vizyèl
Yon kote fò w gen papye pou w ranmase fatra
Yo ka rele w san papye menm ak yon doktora

Papye pou valide lanmou rele maryaj
Papye an echanj de lanmou rele paryaj
Premye fwa l pa pè reve l jwenn souverènte l
La a menm si l ta kreve omwen l sove fyète l

Ti papouch T on senbòl, tray yo te reyèl
Lekòl lakay se blan ki doub ou leve
Kay blan l vin chèche papye pou l siye dèyè l
Li le Capital de Marx nan yon BMW

Nou tout se deplase nou ye
Se solèy nou tout ap Bouske
Si lakay pèdi lawouze li
Anvi viv ap leve pye li
Pa gen baryè pa gen lwa
Ki kapab bare lespwa
Lite pou n avanse
Mache poun pa tonbe

Se pa t Lanmè k te janm kale bato
Nou koupe latè k on gato
Sa k ale sa k ret nou nan menm bato

©2003- 2025 lyrics.com.br · Aviso Legal · Política de Privacidade · Fale Conosco desenvolvido por Studio Sol Comunicação Digital