Compositor: Não Disponível
Epòk anyen pa dire
Menm lavi moun
Yo te konn fè l pi kri
Kounya l fèt pi dri
You know the drill
You know the deal
You know the drill Yow!
Yo te konn fè l san pri
Kounya l fè plis bri
You know the drill
You know the deal
You know the drill Yow!
2018, 2019, 2020, 2021, 2022, 23 tou
Ane 2020
Ane siksè rap la te anven
Ane plenn ane grenn
Ane atis ale Sendomeng
Ane mizik bonjou pwèl
Ane krèy, ane fyèl
Ane live, Ane fè zèl
Ane cashapp, PayPal ak zelle
Ane foli ane Covid
Ane zen ane buzz
Ane bandi ane gro vid
Enspirasyon te pran pòz
Mwens talan plis stars
(Foulay)
Underground k ap rap
Plis refren mwens bars
(Foulay)
Atis Kanpe an ke kap
Ane rezilta soustraksyon divizyon
Gouvènman sou Twitter pwan desizyon, non!
Telefòn se televizyon
Kòmantè ki bay mizik direksyon
New school no school (rabòday)
Rap ap fèt san teks
No rules more views, (radotay)
Sa k fè buzz se sèks
Saa se epòk kote tout nèg pwal kòmanse rap on sèl jan an
Fè Alsiyis sou bit
Epò ane 2010, men l plis fèt 2015, 16, 17
Ane flip ane flap yo ye
N tonbe nan Trap
Ane hit ane Krab li ye
Tonbe nan trap
Ane wewe wawa
Tonbe nan trap
Ane pete chawa
N tonbe nan Trap
Ane flip ane flap li ye
Tonbe nan trap
Ane Rap ap pase pwa li ye
Tonbe nan trap
Ane we wawa
Tonbe nan trap
Ane pete chawa
Nou pran nan trap
Ane Rap pase pwa
Epòk Shawdy epòk party
Rap plis fèt pou senti
Epòk Dexter jeans skinny
Epòk pi gwo manti
Epòk rap koumanse pati
On sèl rapè k bati (Zoe)
Epòk Djaspora Brezil Chili
Micky ak Zokiki
Epòk Tenis pi chè ke fanatik ki tounen Rapè pou rape nan vèy
Epòk rap kòmanse pèdi bon team pou l tounen kanaval pou l fè lòbèy
Epòk Rap pwal pèdi baz, Rap chanje faz
Rap monte Taraz, epi l tou vin raz
Rap mande vaz, ba li gaz
Hip hop t ap peze gaz
Epòk boujwa bay Rapè bon jan an
Rap antipèp koumanse lave bon lajan an
Rap achitèk m ekri teks kou m t ap trase plan
Pandan papa m te bati kay avan 30 an
Epòk
MC fiyèt lalo k tonbe nan chante Rap k pa konn fondamantal Hip hop
Kou MC laloz apre 2 hit 2 krèy fè l kwè l sonw lejann nan rap
Epòk sku sku my nega my nega epòk vibe on pil kreten
Epòk lekòl san klas nan valiz elèv pa gen liv men yon boutèy kleren
Entwo Bounce
La a banm mennen nou bak an 2000, plis 2006, 7, 8, 9
Kote gen rap komèsyal ak underground
Nou te konn fè sampling but nou te fè plis crunk
Epòk swag
Dirty south Crunk Bounce
Epòk Flag
Mouchwa Beef fake ass
Chawa pot ko fin pete nèt
Epòk ti sourit te wikenn
Epòk medya n te kamyonèt
Epòk grangou kloròks, Epòk naje pou soti
Hip hop t ap monte an fòs, albòm kòmanse sòti
Epòk Rap souke tèt, rapè apèn vedèt
Nou te fenk konn entènèt, Nou t ap streaming nan kamyonèt
Nou bat kò n bagay yo te hardcore
N pat toujou dakò
Epòk premye kontra n te machann kleren, telefòn
Epòk Radyo te gen gwo cho, epòk hiphop la te cho
Chache bèl flow pou n blow up, vann nan boutlèg kou w pate cho
Diskisyon sou tèt mi, Epòk bif epòk woulibè
Lespwa pot ko pati, Epòk gwoup ak zòn te lidè
Yo pa t konprann, Nou goumen pou sa n kwè nou nan Lakou a
E yo pa t vle pran n, nan kanaval nou Rap sou Pakou a
Entwo Boombap
La a banm mennen n pi lwen nan tan an ankò
Nan fondamantal Hip Hop yow
Let's take it back to the old scholl the true school
Ane 90 kòmansman 2000
Epòk Sample Boombap
Fondamantal Hip hop
Menm si yo te rele Rap
Tout sa k pat rasin ak konpa
Epòk Batay Rap, batay, rap bat nay
Pot ko gen rap valtay Rap twal kay Rat nan pay kay
Epòk walkman, CD kasèt
Fè mizik te yon kas tèt
Nou fenk dekouvri Baskèt
Devan dèyè n met kaskèt
Pou n parèt G pou n parèt real
Epòk hip hop te mouvman
Malgre touman, n te gen plis maryaj ke antèman
A chak ba, chak trak se te doulè n nan geto
A chak pa, chak traka n te pran l pou n fè plis eko
Atis pot ko mandyan
Melanje atizay ak Militans
Super F Odyx Spanish
Radyo antiy n te gen Odyans
N te konn viv nan lanmou ak kleren airforce one ak yon timberland
Ansanm nou te konn mete men, n pa t ap mennen men n te gen grenn
Rap te zam men Lamizè n pat ka tiye
Epòk malere ak grannèg te abite menm Katye
Vrè rap pot ko jwenn deal, li fè sa lide di l
Rapè pot ko pran fil kouraj nou te anpil
Tèt MC pa t gwo, Malgre n pa t gen kòb pou al nan stidyo
Sou rezo sosyo hip hip pot ko gen foto
Pandan fake MC t ap fè mizik luil pou piblik feel
Melanje rap rnb ragamuffin pou jwenn deal
Tèt MC pat gwo Malgre n pa t gen kòb pou al nan stidyo
Sou rezo sosyo hip hip pot ko gen foto
Epòk street knowledge street college Rap hustlers
Jenerasyon Asrap adept ORS Masters
Epòk hip hop baby